Chanjman nan Liy 19 ki nan Enstriksyon 2021 ak 2023 yo pou Fòm 1040-X

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Si ou te gade oswa telechaje Enstriksyon yo pou Fòm 1040-X, yo te revize swa septanm 2021 oswa janvye 2023, tanpri sonje chanjman sa a pou Line 19—Amount Available To Pay Additional Tax (Liy 19 — Montan ki Disponib pou Peye Enpo Adisyonèl)nan paj 8. Nan twazyèm fraz la, "soustrè li nan" ta dwe ranplase ak "ajoute li sou." Tèks konplè Line 19 (Liy 19) la ta dwe li nan fason sa a:

If line 18 is larger than line 17, line 19 will be negative. You will owe additional tax. To figure the amount owed, treat the amount on line 19 as positive and add it to the amount on line 11. Enter the result on line 20. (Si liy 18 la pi gwo pase liy 17, liy 19 ap negatif. Ou pral dwe enpo adisyonèl. Pou kalkile kantite lajan ou dwe a, trete kantite lajan ki sou liy 19 la kòm pozitif epi ajoute li sou kantite lajan ki nan liy 11 lan. Antre rezilta a nan liy 20.)

Chanjman sa a pral reflete nan pwochen revizyon Enstriksyon pou Fòm 1040-X la.